Incendie du marché Dumoney à Delmas 33 / Visite des lieux

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Yon gwo dife ravaje mache piblik Dumoney ki twouve l nan Dèlma 33, zòn Gérald Bataille nan lannwit mèkredi 10 pou louvri jedi 11 desanm lan.
Dife sa pote ale prèske tout sa machann yo te stoke nan depo yo tankou machandiz ak kòb yo t ap sanble, dapre temwanyaj kèk nan yo.
Malgre anpil jefò ponpye ki te rive nan espas la t ap fè pou limite dega yo sa pa anpeche dife mete plizyè santèn kòmèsan ajenou.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut