Jean Massillon mande otorite yo pran dispozisyon pou kwape definitivman gang kriminèl yo nan Kenskòf
3 hours ago
Lapè kòmanse retabli nan Kenskòf apre operasyon lapolis ak fòs miltinayonal te mennen 24 ak 25 dawout 2025 la, nan komin Kenskòf, selon ajan enterimè Jean Massillon.
Sepandan, responsab administrasyon kominal la mande otorite yo pran tout dispozisyon pou kwape definitivman gang kriminèl yo, yon fason pou lavi kapab reprann tout bon vre nan Kenskòf.