JOUNAL KREYOL CTN 6 AVRIL
9 hours ago
Lendi 6 Avril 2026
Bonswa, Bonjou
Byenvini nan jounal CTN INFO
Men gran tit yo
Gro mouveman protestasyon lendi 6 avril 2026 nan kèk zon nan kapital ayisyèn lan, prensipalman nan Delmas pou pwoteste kont ogmantasyon pri gaz la. Protestatè yo mande gouvenman Alix Didier Fils-Aime pou tounen sou desizyon sa….
Nan lokalite Bab Panyòl, nan komin Jan Rabèl ( depatman Nòdwès), sis moun neg ak zam te kidnape jwenn liberasyon yo gras apre yon operasyon Polis Nasyonal Ayiti mennen ak sipò popilasyon an. 5 prezime kidnapè tonbe pandan operasyon sa….
A pati lendi 6 avril 2026 la, tout militè ayisyen yo dwe nan kazèn yo. Fòs Lame Ayiti a deside metel an kondisyon D, ki se nivo alè ki pi wo a….
Responsab defans wo nivo nan anbasad Etazini nan Potoprens an te rankontre ak Minis Defans Ayiti a, Mario Andresol. Diskisyon yo te konsantre sou pwoblèm sekirite ijan ki ap frape peyi a, dapre yon nòt ambasad la pibliye lendi 6 avril la…
Obsèvatwa Entènasyonal pou Demokrasi ak Gouvènans di li gen gro tet chaje akoz sitiyasyon peyi dayiti ki kontinye ap degrade. OIDG mande gouvènman Fils-Aimé aji prese prese pou proteje popilasyon an, retabli sekirite epi ògazine eleksyon…
Depite Ayanna Pressley anonse petisyon dechaj li a pou pwolonje pou twazan estati pwoteksyon tanporè (TPS) Ayisyen yo pral soumèt devan vòt tout Chanm lan depi rantre palmantè 14 avril la. Avèk 218 siyati bipatizan, li gen konfyans ke tèks la va adopte….
🎙️ New to streaming or looking to level up? Check out StreamYard and get $10 discount! 😍 https://streamyard.com/pal/d/6277424556670976














