Karavàn fanm pou chanjman - Kloti madi 2 septanm sa, aktivite "Inivèsite feminis ete" yo te reyalize
3 hours ago
Karavàn Fanm pou chanjman klotire, madi 2 septanm nan, aktivite Inivèsite feminis ete yo te reyalize anba tèm: «Angajman pou yon maskilinite pozitiv pou anpeche vyolans seksis ak seksyèl pou bati yon kominote jis pasifik ak enklizif »
Se yon total 70 gason ak fanm ki patisipe nan twazyèm inivèsite feminis ete sa ki dire 15 jou.
Kowòdonatris jenaral karavàn fanm pou chanjman, Shedna Camblard eksprime satisfaksyon li pou twazyèm edisyon sa ki se yon reyisit .