KIRIKOU - Distribisyon kit eskolè bay anviwon yon senkantèn timoun
septembre 25, 2025 1:54 am
Asosyasyon ki pote non KIRIKOU òganize pandan wikenn pase a yon aktivite pou anviwon yon senkantèn timoun anvan antre lekòl la.
Pandan jounen aktivite sa, òganizatè yo te reyalize yon atelye fòmasyon sou fotografi, teknik anbalaj ak art floral.
Se te okazyon pou responsab yo entèveni sou enpòtans edikasyon epi distribiye kit eskolè bay anviwon yon senkantèn timoun ki nan klas fondamantal nan fwaye dakèy la Maison des enfants.
Atravè aktivite sa a, timoun benefisyè yo kapab montre rekonesans yo ak konprann enpòtans lekòl.