Konjonkti : Marco Rubio sou kriz peyi Dayiti a nan somè G7 la
novembre 14, 2025 10:39 pm
Sekretè Deta Marco Rubio deklare, jedi 13 novanm lan, gouvènman kanadyen an deja pran yon seri inisyativ nan kad deplwaman Fòs represyon gang yo (FRG) an Ayiti. Li t ap pale nan finisman reyinyon G7 la nan « Ontario » nan peyi Kanada.
Daprè diplomat la y ap fè fas ak 2 defi, ki se byen jere peryòd tranzisyon FRG a ki dwe jwenn yon finansman pou 3 premye mwa nan lane 2026 la.
Marco Rubio fè konnen nan nivo G7 la, ki se gwoup 7 peyi ki pi rich yo, yo mete yo dakò pou finanse premye mwatye faz tranzisyon FRG a epi yo kapab fè sa tout ane 2026 la.














