Koperasyon - Université Lumière Lyon 2 siyen yon akò ak Université publique des Cayes
novembre 5, 2025 10:01 am
Université Lumière Lyon 2 òganize, 23 oktòb 2025, yon seremoni kote peyi Dayiti te alonè. Gen apeprè 50 etidyan ayisyen nan inivèsite sa a.
Nan okazyon an, Anbasadè Ayiti nan peyi Lafrans lan, Louino Volcy,te reprezante Edouard JULES ki se rektè Inivèsite piblik Sid Kay la nan seremoni an.
Responsab yo eksprime volonte yo pou ranfòse koperasyon inivèsitè ant Haïti ak la France.
Yo te pale sou konsekans kriz la sou anseyman siperyè a, inivèsite yo an Ayiti epi idantifye yon seri inivèsite yon fason pou kapab devlope bon jan patenarya.
Inivèsitè Lumière Lyon 2 chwazi kopere ak Inivèsite piblik Sid Okay. Yo bat bravo pou diskisyon ak seyans travay ki fèt tou nan dènyè mwa yo ant Inivèsite Lumière Lyon 2 ak Université Publique du Sud aux Cayes.
Anbasadè Ayiti an Frans, Louino Volcy, te Reprezante Edouard JULES ki se rektè Inivèsite piblik Sid Okay la nan seremoni an kote l siyen, 23 oktòb la, yon dokiman ki ofisyalize patenarya ant 2 enstitisyon yo.
Dapre reprezantan an, dokiman sa a ap kontribye nan ranfòsman koperasyon inivèsitè ant Ayiti ak Lafrans kote l ajoute patenarya sa a konfime inivèsite Lumière Lyon 2 se yon enstitisyon ki deside ranfòse relasyon l ak Ayiti. Anbasadè Volcy te pale sou nesesite pou koperasyon nan domèn inivèsitè a ta debouche sou lòt domèn koperasyon.
Diplomat la te pwofite pale sou kesyon dèt lendepandans lan kote l raple gwo responsablite moral Lafrans gen pou Ayiti.














