KPT - Konseye prezidan Leslie Voltaire rankontre yon delegasyon fon Nasyonzini pou timoun (UNICEF)
4 hours ago
Konseye prezidan Leslie Voltaire rankontre, vandredi 10 oktòb pase a, nan Villa d’Accueil, yon delegasyon fon Nasyonzini pou timoun (UNICEF). Konseye prezidan an te gen ak li Rose Andrée Bony Bien-Aimée, ki se manm komisyon prezidansyèl pou apiye pwojè pou mete kanpe « Réseau National de Centres d’Accueil et de Maisons de Rééducation ».
Delegasyon UNICEF la te gen ladann reprezantan adjwen òganizasyon an an Ayiti, Yannig Dussart, ak chèf pwogram pwoteksyon ti moun, Bilal Sougou. Pèsonalite yo te diskite sou « pwojè pilòt entegre » ki konsène kreyasyon nan vil Okay, yon sant dakèy pou ti moun ak adolesan ki nan sitiyasyon vilnerabilite oubyen ankonfli ak lalwa.
Se komisyon prezidansyèl pou apiye pwojè pou mete kanpe « Réseau National de Centres d’Accueil et de Maisons de Rééducation » ki pran inisyativ pou pwojè sa ka reyalize.
Rankont sa a fèt apre yon premye reyinyon ki te dewoule mwa pase a nan Sid peyi a ant komisyon an ak Bilal Sougou. Gen yon konpayi ki deja mobilize pou kapab fè relve topografik yo.
Komisyon an ap gen pou reyalize pwojè sa a tou nan depatman Nò ak Sant peyi a.