KPT - Mesaj Prezidan Konseye Laurent Saint-Cyr nan okazyon 31 lane egzistans USP
5 hours ago
Inite sekirite prezidansyèl (USP) selebre, mèkredi 8 oktòb 2025 la, 31e anivèsè l. Nan okazyon an, prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Laurent Saint-Cyr, eksprime rekonesans li pou kouraj, disiplin ak sakrifis polisye yo pou asire sekirite laprezidans.
Dapre Mesye Saint-Cyr, moun pa toujou remake sans angajman polisye sa yo ki toujou ap veye an silans sou estabilite ak kontinyite Leta a.
Nan non Prezidans lan ak nasyon an, Prezidan CPT a felisite polisye yo, li swete pou yo toujou an sante epi gen menm fyète a nan kad misyon yo.