KPT – Prezidan Konsèy la Laurent Saint-Cyr rankontre Premye minis japonè a

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon, Laurent Saint-Cyr, rankontre Premye minis Japon an, Shigeru Ishiba. Nan okazyon an, 2 dirijan yo te pale sou konjonkti an an Ayiti ak plizyè dosye ki konsène 2 peyi yo.
Konseye Laurent Saint-Cyr kontinye mande apui Japon nan kad deplwaman Fòs represyon gang kriminèl yo (FRG), aprè Konsèy sekirite Nasyonzini a fin vote rezolisyon an.
Sou bò pal, Premye minis Ishiba renouvle angajman Japon pou soutni Ayiti, menm jan li te toujou fè sa pandan 50 lane pase yo, patikilyèman aprè tranblemantè 2010 la epi atravè misyon miltinasyonal pou apiye sekirite a (MMAS).
Premye minis Ishiba pale tou sou nesesite pou ranfòse Fòs Lame Dayiti yo epi pwomèt Japon detèmine pou apiye Ayiti pou kapab gen sekirite, lapè ak estabilite.
Prezidan CPT a, Laurent St-Cyr, te pwofite reyitere angajman Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ak gouvènman an pou yo retabli sekirite nan peyi a ak apui patnè entènasyonal yo, yon fason pou kapab gen eleksyon pa twò lontan nan peyi Dayiti.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut