KPT/ Primati - Reyaksyon sou adopsyon rezolisyon Nasyonzini pran pou transfòme MMSS la
octobre 1, 2025 11:36 pm
Leta ayisyen atravè Konsèy prezandansyèl tranzisyon an epi gouvènman repiblik salye adopsyon rezolisyon Konsèy sekirite Nasyonzini an pran pou transfòme misyon miltinasyonal soutyen ak sekirite a pa yon fòs represyon kont gang yo.
Fòs sa k ap genyen militè ak polisye ta dwe konte yon total 5500 manm. Se yon avanse enpòtan nan batay kont gang yo nan peyi a vòt favorab sa ki vize transfòme MMSS an Fòs Sipresyon gang yo ki pa sispann simen dèy nan sosyete a, selon prezidan CPT a, Anthony Franck Laurent St-Cyr.
Li di l rete angaje ak kolaborasyon kolèg CPT a pou tabli sekirite, fasilite retou deplase yo epi reyalize eleksyon kredib nan peyi a.
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé sou bò pal fè konnen gouvènman antann pote tout soutyen l bay pèsonèl nouvèl fòs sa pou pèmèt misyon an akonpli.
Alix Didier Fils-Aimé salye diferan sipò Etazini, CARICOM ,secketarya jeneral Nasyonzini an epi Lachin ak Larisi ki patisipe nan rann desizyon sa posib.