Lajistis – Plizyè avoka tante bloke aktivite yo nan Pakè Pòtoprens, vandredi 12 septanm 2025 la

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Plizyè avoka tante bloke aktivite yo nan Pakè Pòtoprens, vandredi 12 septanm 2025 lan, akoz rimè ki ta fè konprann Ministè Jistis ak Sekirite piblik kapab ranplase nouvo Komisè gouvènman an, Rossevelt Cadet.
Pwotestatè yo deklare otorite yo dwe kite Mèt Cadet nan pòs li paske l fenk rive nan pòs la epi l kapab fè Pakè a fonksyonne nòmalman.

Pi lwen, avoka sa yo deklare Minis Jistis la ta dwe konsilte sou desizyon pou ranplase yon komisè gouvènman nan jiridiksyon an.
Gen apèn 3 semèn depi Rossevelt Cadet enstale kòm komisè gouvènman an Pòtoprens. Dapre avoka pwotestatè yo, chanjman bridsoukou nan tèt Pakè a pa pèmèt gen estabilite nan enstitisyon an sak anpeche sitwayen jwenn sèvis kòmsadwa nan jiridiksyon an.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut