l’Ambassade des États-Unis renforcent la coordination de l’aide externe
3 hours ago
Minis planifikasyon ak koperasyon ekstèn lan, Sandra PAULEMON, rankontre, mèkredi 25 mas 2026, yon delegasyon anbasad amerikèn an Ayiti ki te gen nan tèt li konseyè ekonomik Kara BABROWSKI, nan lide pou ranfòse kòdinasyon èd amerikèn lan.
Diskisyon yo te dewoule sou fason kòdinasyon an kapab fèt ak patnè teknik epi finansye yo patikilyèman atravè modil jesyon èd ekstèn lan kise yon platfòm nimerik MPCE mete disponib pou patnè yo.
Minis Sandra PAULEMON pwofite mande yon gwo akonpayman pou peyi Dayiti nan zafè sekirite epi pale sou nesesite pou tout pwojè yo kapab chita sou 3 aks priyoritè ki defini nan pak pou estabilite ak òganizasyon eleksyon yo ki se sekirite, redresman ekonomik ak sosyal epi òganizasyon eleksyon yo.
Minis PAULEMON ensiste tou sou bon jan kòdinasyon èd entènasyonal la ki dwe pi efikas epi reyafime volonte gouvènman an pou ranfòse kolaborasyon l ak tout patnè yo tankou Nasyon zini, Bank mondyal, Bank entèramerikèn deblopman ak òganizasyon non gouvènmantal yo.
Delegasyon anbasad amerikèn lan renouvle angajman Etazini pou kontinye akonpaye gouvèman ayisyen an nan jefò pou èd entènasyonal la kapab efikas epi byen kòdone.














