Lasante - Doktè Helman CENEUS fè konnen sitiyasyon kolera sou kontwòl
octobre 24, 2025 11:48 pm
Responsab kolera ak Ekip depatmantal envestigasyon ak repons nan Direksyon sanitè depatmantal Lwès, Doktè Helman CENEUS, fè konnen, jedi 23 oktòb 2025 la, sitiyasyon kolera sou kontwòl epi gen yon bès konsiderab pa rapò ak jou ki sot pase yo.
Li fè di y ap kontinye pran bon jan mezi nan lide pou kapab anpeche bakteri a pwogrese plis nan kominote yo.














