MAEC/ Adhésion d’Haiti à l’organisation internationale de Télécommunications mobiles par satellite
2 hours ago
Ministè Afè etranjè ak Kilt anonse Ayiti antre ofisyèlman nan òganizasyon entènasyonal telekominikasyon mobil pa satelit (IMSO) apre demand li te fè nan sans sa a, nan mwa desanm 2024.
Inisyativ sa a reprezante yon gwo pa nan kad jefò pou modènize sistèm transpò maritim lan an Ayiti epi ranfòse sekirite ayisyen yo sou lanmè.
Gras ak sistèm sa a, Sèvis maritim ak navigasyon (SEMANAH) ap kapab siveye bato yo pa satelit, yon fason pou kapab fasilite entèvansyon li yo pou sove lavi epi fè rechèch nan moman bato yo an difikilte.
Sistèm sa a ap kontribiye nan ranfòse aktivite komèsyal yo sou lanmè anndan peyi a ak lòt bò dlo, dapre yon kominike ministè afè etranjè mete deyò.














