MAEC / CELAC-AFRIQUE/ Participation de la ministre Raina Forbin
111 minutes ago
Minis Afè etranjè ak Kilt la, Raina Forbin, patisipe nan fowòm chèf Leta ak Gouvènman Celac-Afrik la ki dewoule nan peyi Kolonbi 20 ak 21 mas 2026.
Koperasyon Sid-Sid, komès, sante piblik, se kèk pami tematik ki abòde nan kad woumble sa.
Nan kad rankont sa, Chanselye ayisyen an te pwofite chita pale ak minis afè etranjè peyi Meksik la, Juan Ramón de la Fuente.
2 pèsonalite yo te salye relasyon istorik ki gen ant 2 peyi yo epi reyafime volonte yo pou ranfòse koperasyon yo nan plizyè domèn tankou batay kont trafik zam, echanj ant akademi diplomatik yo epi yon apui ak pwosesis elektoral la.
Diplomat yo mete yo dakò sou enpòtans ranfòsman envestisman ak echanj ekonomik yo ant Ayiti ak Meksik nan lide pou bay ekonomi an jarèt ann Ayiti, kreye dyòb, yon fason pou kapab fè fas ak kriz imanitè a.














