MAEC - Minis Jean Victor H. Jean-Baptiste drese bilan reyalizasyon l nan tèt Ministè a
5 hours ago
Minis Afè etranjè ak kilt la, Jean Victor Harvel Jean-Baptiste drese bilan reyalizasyon l depi l rive nan tèt ministè sila.
Soti nan revalorizasyon pèsonèl ministè a ,pase nan demach pou mete lòt kad legal ale nan amenajman espas travay yo , se kèk elman chanselye a ekspoze pandan entèvansyon l nan *Mardis de la Nation*, madi 7 oktòb la.
Li pwofite tou prezante yon plan sou plizyè ane pou kontinye ede ministè a ranpli wòl li tankou sa dwe ye.