MAEC/Relocalisation à Pétion-Ville
3 hours ago
Ministè Afè etranjè ak kilt fè konnen se nan Ri Mangonès nimewo 15, nan Petyonvil l ap relokalize biwo li yo nan yon kay gouvènman an fenk achte pou Leta ayisyen.
Espas sa a ap ranplase lokal ministè a tranblemantè 2010 la te detui epi l ap pèmèt yo resevwa diyitè etranje yo, ofisyèl ayisyen yo epi sitwayen k ap bezwen sèvis enstitisyon an.
Lokal sa a reponn ak prensip tout ministè afè etranjè. Responsab yo mande konpreyansyon tout moun paske sa ap pran plizyè jou pou Ministè enstale nan nouvo lokal sa e sa kapab bay reta nan yon seri demach ou byen tretman yon seri dosye yo.














