MAEC / Rencontre avec l’ambassadeur de la République Dominicaine en Haïti

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Minis Afè etranjè ak Kilt la, Jean-Victor Harvel JEAN-BAPTISTE, resevwa, vandredi 27 fevriye 2026 la, anbasadè Repiblik dominikèn lan an Ayiti, Faruk Miguel CASTILLO.
Diskisyon te dewoule nan yon klima kòdyal, kote Minis Jean-Baptiste te pale sou volonte gouvènman an pou relanse dyalòg ak Repiblik dominikèn.
2 pèsonalite yo te pale tou sou sekirite, migrasyon, komès ak ijans ki gen pou avyon reprann aktivite yo ant 2 peyi yo.
Yon rankont ki senbolik nan moman selebrasyon anivèsè endepandans nasyonal Repiblik dominikèn 27 fevriye a, kote minis lan te prezante bay anbasadè a salitasyon otorite yo ak pèp ayisyen an.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut