MCC / Cérémonie en l’honneur de Abigail Alexandre

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Minis Kilti ak kominikasyon an, Emmanel Ménard, anonse Gouvènman ap pran an chaj etid inivèsitè Abigaïl Alexandre pou jiska lisans li, an siy rekonesans apre l fin ranpòte final entènasyonal “Eloquentia” nan peyi lafrans, 25 mas 2026 la.

Minis kilti an fè deklarasyon sa a, mèkredi premye Avril la, nan moman li t ap rann omaj ak chanpyòn nan ki se premye Ayisyèn ki ranpòte pri sila a.

Abigaïl Alexandre sou bò pal remèsye minis kilti ak Kominikasyon an, ki rekonèt efò li fè pou l pote vwa jenès la nan lòt peyi. Li pwomèt pou kontinye sou menm lanse an.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut