MCC/ Démission du directeur général, Gary Denis
115 minutes ago
Jean Garry Denis remèt demisyon l bay Preminis Alix Didier Fils-Aimé kòm direktè jeneral Ministè Kilti ak Kominikasyon (MCC).
Desizyon sa a ap efektiv pou pita 1er me 2026, dapre Jean Garry Denis ki di li pa gen menm vizyon ak Ministè a sou yon seri dosye tankou finansman aktivite kiltirèl yo ki rete sèlman nan Pòtoprens, epi pwoteksyon byen kiltirèl yo ki rantre nan kad oryantasyon estratejik ki degaje nan ministè kilti.














