MCC / Dépôt du « savoir-faire du tracé-vèvè » à l'Unesco
3 hours ago
Leta ayisyen atravè ministè kilti ak kominikasyon epi ministè afè etranjè ak kilt,depoze jedi 26 la devan UNESCO, dosye ki gen pou wè ak « Savoir-faire du tracée Vèvè d’Haïti » nan lide pou enskri l sou lis patrimwàn kiltirèl imateryèl imanite.
Nan yon nòt ministè kilti mete deyò, depo sa se yon etap enpòtan epi desiziv nan valorizasyon ak rekonesans entènasyonal pratik ansestral sa nan kilti ak istwa Ayiti.
Tracée Vèvè a te deja enskri nan lane 2019 nan patrimwàn kiltirèl imateryèl Dayiti epi aktyalize nan lane 2025.
Pi lwen, nòt la fè konnen depo kandidati sa vin ranfòse viziblite ak kowezyon nan ekspresyon kiltirèl ayisyèn yo.
Se yon demach ki enskri nan kad politik enstorasyon sa gouvènman rele diplomasi kiltirèl ministè kilti ak kominikasyon epi ministè afè etranje ap pote.
Nòt sa ki raple volonte gouvènman pou rapousiv ak travay valorizasyon epi sovgade patrimwàn kiltirèl imateryèl ayisyen an , pote siyati ,minis kilti ak kominikasyon an, doktè Jean Marie Vianney Emmanuel Ménard.














