MCFDF / Clôture de l’atelier sur les droits des femmes
119 minutes ago
Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm mete bout, mèkredi 3 mas la, nan 2 jounen atelye ki te konsakre sou pwogrè dwa fanm yo, nan kad Plan Aksyon Nasyonal pou Egalite Sèks (PANEFH), ki sòti nan Politik Egalite Sèks 2014–2034 la.
Daprè Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm lan, Pedrica Saint Jean, atelye sa yo reyalize nan objektif pou revize pwogrè ki deja fèt, idantifye defi ki rete yo, epi ranfòse mekanis pou aplike zouti estratejik ki prevwa nan plan an.
Responsab yo souliye enpòtans kowòdinasyon ant enstitisyon leta yo ak patnè entènasyonal yo pou asire yon pi bon travay.













