MCFDF – Kloti seri fòmasyon sou akonpayman sikososyal pou viktim vyolans seksyèl yo

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm mete bout, mèkredi 1e oktòb 2025 la, nan yon seri fòmasyon li te lanse depi 29 septanm sou akonpayman sikososyal pou viktim vyolans seksyèl yo.

Fòmasyon sa a ki dire 3 jou vize ranfòse kapasite teknik ak pratik fòmatris yo sou fason pou bay fanm ak tifi ki viktim vyolans seksyèl yo apwi sikososyal, swa kan deplase yo oubyen nan kominote yo.

Minis Kondisyon Fanm lan, Pedricia Saint Jean fè konnen fòmasyon an pa t yon senp aktivite. Li wè li kòm yon zouti kle pou chanje reyalite sosyete a, epi pou aji ak plis efikasite, imilite ak sansiblite devan doulè viktim yo.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut