MCFDF - Minis Pédrica St Jean vizite Pakè Pòtoprens mèkredi 5 novanm la
novembre 7, 2025 2:21 am
Minis kondisyon Fanm ak dwa fanm nan, Pédrica Saint-Jean, vizite pakè Pòtoprens, mèkredi 5 novanm lan, nan lide pou mande komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Fritz Patterson Dorval panche sou sou ka fanm ak tifi yo ki nan sant kaseral yo, espesyalman sila ki malad yo pou pèmèt yo al pran swen ka yo nesesite.
Nan okazyon an, mèt Patterson Dorval fè konnen pakè ap fè fas ak gwo pwoblèm lojistik sa ki retade pwosesis asiz yo.














