MCI /Signature de la convention ALPLA HAITI S.A
2 hours ago
Sou lòd Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, gouvènman siyen konvansyon sou pwojè ALPLA HAITI S.A., nan zòn franch CODEVI, nan Ouanaminthe.
Se minis komès ak endistri, James Monazard, ki fasilite pwojè sa a rive nan bout li kote l dwe atire envestisman, modènize sektè endistiyèl la epi ranfòse devlopman rejyonal.
Pwojè sa a ki koute 10,2 milyon dola ameriken, montre konfyans patnè entènasyonal yo nan sektè afè a an Ayiti. Inisyativ sa a ap kontribye nan kreye travay, transfere konpetans teknik, ranfòse resous zimèn ak konpetitivite endistriyèl nan peyi a.
Minis James Monazard soulinye wòl estratejik Gran Nò a, patikilyèman depatman Nòdès, nan jefò pou ranfòse kwasans nan peyi a epi reyafime angajman egzekitif la pou fasilite envestisman nan pran yon seri mezi konkrè tankou senplifikasyon administrativ, ranfòsman kad legal ak akonpayman envestisè yo.
Nan kòdinasyon enstitisyon yo, patikilyèman Sant fasilitasyon envestisman (CFI), Direksyon jeneral zòn franch epi komisyon entèministeryèl envestisman, pwojè sa a montre yon gouvènans ki chita sou aksyon ak rezilta.














