MEF – Prezantasyon plan relans ak devlopman 2025-2030

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Gouvènman an atravè Ministè Ekonomi ak Finans ak patnè finansye yo, kòmanse travay sou plan relans ak devlopman 2025-2030 lan.
Yon inisyativ pou kapab bay ekonomi an jarèt, ranfòse sèvis sosyal de baz yo epi dinamize enstitisyon piblik yo pou kapab fasilite gen richès ki kreye nan peyi a.
Reyisit plan sa a depann de angajman tout aktè nasyonal, dapre responsab yo ki deklare gen konsiltasyon ki kòmanse fèt anliy ak sektè prive afè a epi tout rejyon yo nan peyi a ap gen pou patisipe nan travay sa yo.
Se nan Gran Nò a, gouvènman an ap gen pou kòmanse ak plan sa a pou potansyalite endistriyèl, touristik ak kiltirèl li, patikilyèman.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut