MENFP/ BSEA – Jounen selebrasyon patenarya nan alfabetizasyon an Ayiti

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Responsab yo nan ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl atravè Biwo sekretè deta pou alfabetizasyon ak edikasyon non fòmèl òganize, lendi 27 oktòb 2025 la, yon jounen pou selebre patenarya nan alfabetizasyon an peyi Dayiti epi remèt plak donè bay divès enstitisyon ki enplike zafè alfabetizasyon.

Seremoni sa dewoule an prezans divès pèsonalite , pami yo Minis kondisyon fanm ak dwa fanm nan, Pédrica SAINT JEAN, Direktè jeneral Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Yves ROBLIN, ak kèk patnè tankou UNICEF, UNESCO ak reprezantan anbasad Taïwan an Ayiti.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut