MENFP - Klotire atelye nasyonal sou restitisyon rezilta revi sektoryèl sou edikasyon an Ayiti
septembre 28, 2025 5:32 am
Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl « MENFP » nan tèt kole ak Òganizasyon nasyonzini pou edikasyon la syans ak la kilti « UNESCO » klotire, jedi 25 septanm 2025 lan, atelye nasyonal sou restitisyon rezilta revi sektoryèl sou edikasyon an Ayiti.
Seremoni pou fèmen atelye a dewoule nan prezans minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la, Augustin ANTOINE, minis Kondisyon fanm ak dwa fanm nan, Pédrica SAINT JEAN, ansyen minis edikasyon nasyonal la, Charles TARDIEU, ak divès kad nan ministè edikasyon nasyonal.