MENFP – Presizyon Minis Augustin Antoine sou pwosesis piblikasyon rezilta egzamen bakaloreya yo

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl, pwofesè Augustin Antoine, fè konnen ministè a poko pibliye rezilta egzamen bakaloreya yo.
«Depi yon kominike rezilta egzamen ofisyèl Leta pa gen so ak yon nòt sikilè kabinè Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, li pa rezilta Ministè edikasyon nasyonal mete deyò», se sa Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Augustin ANTOINE presize nan kad yon konferans pou laprès, vandredi 12 septanm 2025 la.
Minis la lonje dwèt sou yon yon gwoup endividi li di ki pran plezi pou pratike move zafè nan sosyete a. Pwofesè Augustin Antoine mande popilasyon an rete veyatif nan sans sa .

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut