MENFP/ Rencontre avec la BID
2 hours ago
Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonel la, Vijonet Demero, rankontre jedi 19 mas la, reprezantant Bank entèamerikèn devlopman an Ayiti, Corine Cathala.
Se yon rankont ki te chita sou gran oryantasyon administrasyon ministè a, nan sak konsène amelyorasyon kalite ansèyman an, amelyorasyon aksè ak edikasyon pou tout moun nan reyabilitasyon lekòl piblik yo ,fòmasyon pwofesè yo, elatriye.
Selon yon nòt biwo kominikasyon ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl mete deyò, se te okazyon pou Vijonet Demero prezante kèk inisyativ administrasyon l lan deja antame pou pote repons ak bezwen ministè a.
Chantye sa yo, selon nòt sa, gen pou wè ak ranfòsman kapasite teknik, oryantasyon eskolè , devlopman timoun epi ekstansyon ak itilizasyon liv inik, elatriye.














