MENFP - Seremoni rantre lekòl pou ane 2025-2026 la te dewoule «Haut-Les Perches » nan depatman Nòdès
3 hours ago
Gwo seremoni pou rantre lekòl la pou ane 2025-2026 la te dewoule, 1e oktòb, nan premye seksyon kominal «Haut-Les Perches », nan depatman Nòdès. Plizyè pèsonalite ak patnè ministè edikasyon nasyonal te patisipe nan aktivite sa a sou tèm « Restore otorite lekòl».
Minis Augustin ANTOINE anonse yon seri dispozisyon k ap pran pou ranfòse sistèm edikatif la ane a, tankou valorize metye anseyan, kontwole aktivite lekòl yo, ranfòse gouvènans sektè a.
Lekòl la dwe rete yon espas pou konstui sitwayènte kote ti moun yo dwe aprann respekte valè moral ak sosyal, selon pwofesè Augustin ANTOINE.
Minis Augustin Antoine pale sou plizyè gwo mezi gouvènman pran an nan kad rantre lekòl la tankou distribisyon 300.000 kits, 2.200.000 kopi liv inik lan, 320.000 inifòm ak plizyè milye ban, patikilyèman nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la.
Gen 117 lekòl gouvènman reyabilite nan peyi a, aktivite pwogram Cash Transfert Education pou plis pase 200.000 paran elèv lekòl nasyonal, presbiteral, kominotè ak kominal.