Meri Dèlma – Lansman ofisyèl ane fiskal 2025-2026 la

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Meri Delma lanse ofisyèlman, madi 7 oktòb la, ane fiskal 2025-2026 la. Se okazyon pou majistra Dèlma Wilson Jeudy fè bilan reyalizasyon li nan tèt Meri a, depi 18 lane l ap dirije.
Premye sitwayen komin Dèlma fè konnen yo rive konstui plizyè twonson wout epi mete tout kalite sèvis nan Meri a.

Magistra Jeudy fè konnen pou egzèsis fiskal 2024 2025 la meri rive kolekte 8 san milyon goud. Se ak lajan sa, administrasyon kominal fè travay pandan ane a.
Pou egzèsis fiskal 2025-2026 la, administrasyon kominal prevwa kolekte yon milya goud pou kontinye plizyè chantye ki deja kòmanse.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut