MICTC : Rankont avèk Delege depatmantal yo epi vis-delege yo
2 hours ago
Minis Enteryè ak kolektivite teritoryal yo, Paul Antoine Bien-Aimé, lanse ofisyèlman, mèkredi 12 novanm lan, yon fowòm echanj ak tout delege depatmantal yo, vis-delege yo epi sekretè jeneral delegasyon yo.
Fowòm sa k ap dire 3 jou fèt nan lide pou pèmèt delege yo, vis-delege ak sekretè jeneral delegasyon yo eksplike pwoblèm y ap konfwonte nan rejyon yo.
Atelye sa a dwe pèmèt yo reflechi tou, sou solisyon pwoblèm sa yo.
Ann suiv yon ekstrè nan mikwo Richarson Jourdan ak Eddy Cinéus.














