Ministère Affaires Etrangères/ Colloque

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Inivèsite Jean Price Mars òganize, mèkredi 29 avril la, yon kòlòk sou fenomèn migrasyon ayisyen yo, espesyalman sou mouvman sitwayen k ap kite peyi a pou ale viv lòt kote.

Aktivite sa a te rasanble plizyè dizèn etidyan, pwofesè, ak lòt aktè nan domèn akademik lan, ki te vin reflechi sou koz ak konsekans migrasyon an epi fason fenomèn sa ap evolye nan kontèks aktyèl la.

Pandan kòlok la, entèvenan yo mete aksan sou difikilte ekonomik, ensekirite ak mank opòtinite kòm prensipal rezon ki pouse anpil ayisyen kite peyi a. Yo te diskite tou sou enpak migrasyon sa a genyen sou devlopman peyi a, sitou nan nivo pèdi fòs travay kalifye.

Responsab yo nan Ministè Afè Etranjè ak Kilt soulinye enpòtans pou gen plis rechèch ak dyalòg sou kesyon migrasyon an nan ede mete anplas politik piblik ki ka jere fenomèn sa pi byen.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut