Ministre des Affaires étrangères et des Cultes Mme Forbin avec son homologue canadienne, Mme Anand
108 minutes ago
Minis Afè etranjè ak Kilt la, Raina Forbin, te pale nan telefòn ak minis afè etranjè peyi Kanada a, Anita Anand, sou devlopman bon jan patenarya ant Ayiti ak Kanada.
Minis lan salye kontribisyon Canada nan devlopman peyi a, kote Kanada mobilize yon valè 450 milyon dola pou èd imanitè ak sekirite, patikilyèman pou apiye deplwaman Fòs represyon gang yo (FRG).
2 pèsonalite yo te pale sou bon jan kondisyon pou kapab fasilite òganizasyon pwochèn eleksyon yo nan peyi a.














