MJSP / Interdiction aux voitures de circuler avec les anciennes plaques
103 minutes ago
Ministè Jistis ak sekirite piblik entèdi tout machin san plak ou byen ki gen ansyen plak sikile sou tout teritwa nasyonal la.
Yon desizyon ministè a pran nan kad mezi pou retabli lòd, ranfòse sekirite piblik epi netralize endividi k ap sèvi ak machin ki pa idantifye pou komèt move zak epi simen laterè nan mitan popilasyon an.
Tout moun ki nan sitiyasyon genyen jiska vandredi 6 mas la pou mete yo an règ. Apre sa, lapolis ap arete tout moun ki pa respekte desizyon sa a, remòke machin yo epi mete yo yon kote.
Lapolis ap aplike tou sanksyon lalwa prevwa nan ka sa yo, dapre yon kominike ki pote siyati minis Jistis ak sekirite piblik, mèt Patrick Pelissier.














