MMSS / Départ d’un contingent de policiers kenyans
3 hours ago
Yon valè 250 polisye kenyan kite peyi Dayiti, lendi 23 mas 2026 la, nan kad misyon miltinasyonal pou soutni sekirite a (MMSS) kap retire kòl. Se Fòs represyon gang yo (FRG) k ap gen pou ranplase misyon sa a nan kad yon rezolisyon Nasyonzini te pran 30 septanm 2025.
Nan okazyon an, gen yon reyinyon espesyal ki te fèt nan salon diplomatik Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture kote plizyè pèsonalite te patisipe tankou direktè jeneral Polis nasyonal la, Vladimir Paraison, konseye nasyonal adjwen pou sekirite Kenya a, Joseph Boinet Kipchichir, kòmandan an chèf MMSS la, Godfrey Otunge, reprezantan chaje dafè ameriken an nan peyi Dayiti, David Howell, chaje dafè ai Wayòm ini an Ayiti, Guy Janes, epi anbasadè kanada an Ayiti, André François Giroux.














