M’PARE - Estrikti a kontinye mande chita pale nan mitan aktè nan sosyete sivil ak klas politik la
octobre 15, 2025 11:40 pm
«M’PARE» kontinye mande chita pale nan mitan aktè yo nan sosyete sivil la ak estrikti nan klas politik la.
Nan yon entèvyou li bay Televizyon Nasyonal Dayiti, madi 14 oktòb la, sekretè jeneral «M’PARE» a, Valerie Nadia victor, swete aktè yo fè depasman, li nande yo mete akote tout enterè pèsonèl, sa k ap pèmèt peyi a pran wout estabilite.














