M’PARE - Valérie Nadia Victor eksprime l sou vini fòs represyon gang yo nan peyi a
octobre 15, 2025 11:34 pm
Sekretè jeneral M’PARE , Valérie Nadia Victor, kritike reponsab Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an li di ki pito rankontre reprezantan sektè ki nan KPT a, olye yo chita pale ak tout aktè nan vi nasyonal la sou kriz la.
Sou vini fòs represyon Gang yo nan peyi a, madam Victor salye inisyativ la, toutfwa li kwè se pa pi bon metòd pou rezoud pwoblèm ensekirite a.














