MPCE / Le Gouvernement engagé pour le retour des familles à Solino

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Minis Planifikasyon ak Koperasyon ekstèn lan, Sandra Paulemon, rankontre, jedi 26 mas 2026 la, reprezantan pwojè « Retour au Quartier – Solino » sou enstriksyon Premye minis Alix Didier Fils-Aimé.
Yon rankont ki montre volonte gouvènman an pou akonpaye moun Solino nan jefò pou retounen nan katye yo. Diskisyon yo te pèmèt patisipan yo chita sou bon jan aksyon pou reyalize pwojè sa a tankou sekirite, sèvis debaz yo, epi relans ekonomik.

Gouvènman an konsidere se moun ki dwe nan mitan inisyativ sa ki dwe pèmèt tout fanmi reprann espwa epi pou jèn yo pi byen prepare avni yo.

MPCE pwomèt pou l mobilize mwayen bò kote tout patnè yo nan lide pou reyalize pwojè Solino a.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut