MSF/ Recrudescence des violences à Bel Air
11 hours ago
Dènye zak vyolans yo oblije Medsen san fwontyè (MSF) sispann pou yon titan aktivite l yo nan katye Belè, nan Pòtoprens.
MSF di l gen gwo tèt chaje akoz lese frappe yo ant gang ame yo ak lapolis nan Belè kote ekip li yo te konn fè yon klinik mobil yon fwa chak semèn nan lide pou bay malad yo swen.
Madi, 6 janvye 2026, lese frape yo te rapousuiv nan lokal yon lekòl kote ajan MSF yo konn òganize klinik medikal la.
Gen 7 volontè kominotè ki te pase plizyè èdtan ap tande kout bal anvan yo te rive ki te espas la, dapre MSF ki fè konnen gen yon ansyen volontè ki mouri nan kad afwontman yo nan Belè.
Viktim lan ki te blese te vin pran swen nan Klinik lan men volontè yo te gentan ki te espas.
MSF deklare zak vyolans yo menase lavi plizyè milye moun nan popilasyon an nan katye Belè epi mande tout pati yo respekte estrikti medikal yo, pèsonèl k ap bay swen yo, malad ak sivil yo














