MSF - Sant ijans Turgeau a fèmen definitivman akoz zak vyolans gang yo
octobre 15, 2025 11:54 pm
Médecins Sans Frontières (MSF) anonse li oblije fèmen definitivman Sant Ijans li ki nan Turgeau akoz zak vyolans gang kriminèl yo ki pa sispann nan mitan vil Pòtoprens.
Estrikti sa a te fèmen pòt pou yon ti tan nan mwa mas 2025 apre yon ensidan ki te rive. MSF pale sou zak vyolans yo ki ogmante nan Sant vil Pòtoprens, sa ki riske mete andanje lavi pasyan ak pèsonèl la, si MSF ta reprann aktivite l yo, dapre sa chèf misyon MSF an Ayiti a, Jean-Marc Biquet, fè konnen.
Yon lòt kote, Médecins Sans Frontières anonse l ap rapousuiv aktivite lòt kote nan Kapital la tankou nan lopital Tabarre, nan sant ijans Site Solèy, nan klinik Pran Men’m.
Gen swen sante MSF ap bay tou Delmas 4, Bel Air, Bas Bel Air/La Saline epi matènite Isaïe Jeanty ki relouvri.














