MSPP – Ayiti eli kòm manm komite egzekitif òganizasyon panamerikèn sante (OPS)

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Nan yon kominike pou laprès ki pibliye, vandredi 3 oktòb 2025 la, gouvènman fè konnen peyi Dayiti eli kòm manm komite egzekitif òganizasyon panamerikèn sante (OPS) ki se yon ògàn desizyonèl stratejik ki oryante ansanm priyorite sante piblik pou rejyon amerik la.

Selon kominike pou laprès sa, gen pwopozisyon ki fèt tou pou Ayiti syeje nan komite pèmanan, prevansyon, preparasyon ak entèvansyon ka ijans sanitè ki fè pati òganizasyon mondyal sante ( OMS)
Seri nominasyon sa yo daprè kominike a, temwanye rekonesans entènasyonal pou fason Ayiti jere ijans yo.

Gouvènman an atravè nòt sa renouvle angajman pou kontinye travay bokote OPS/ OMS ak kominote entènasyonal la, yon fason pou pwoteje sante tout moun epi ranfòse rezilyans peyi a fas ak menas sanitè yo.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut