MSPP - Doktè Helman Cénéus fè konnen yo resanse plizyè ka sispèk kolera nan diferan komin nan Lwès
5 hours ago
Responsab envestigasyon ak repons maladi sou siveyans epidemyolojik ak pwen fokal kolera nan Ministè Sante piblik ak Popilasyon, Doktè Helman Cénéus, fè konnen pou depatman Lwès la, yo resanse plizyè ka sispèk kolera nan diferan komin.
Li fè konnen responsab yo nan pi wo nivo nan ministè sante piblik ak popilasyon pran dispozisyon pou akonpaye ak sansibilize popilasyon an sou kòman pou yo konpòte ak pwoteje tèt yo.