MSPP - Siyati dokiman sou premye estraji koperasyon nasyonal 2026-2028 ak OPS/OMS
2 hours ago
Gouvènman an atravè ministè Sante piblik ak popilasyon siyen dokiman sou premye estraji koperasyon nasyonal 2026-2028 ak Òganizasyon panamerikèn sante epi òganizasyon mondyal sante (OPS/OMS).
Yon inisyativ ki vize ranfòse sistèm sante a, yon fason pou pèmèt plis moun jwenn swen sante.
Se nan lokal OPS la, nan Washington D.C. direktè òganizasyon an, Dr Jarbas Barbosa, siyen dokiman sa ak minis sante piblik ak popilasyon an, Dr Bertrand Sinal.
Siyaiti dokiman sa ranfòse kolaborasyon ant Ayiti ak OPS/OMS.