OAVCT – Konseye prezidan Frinel Joseph patisipe nan seremoni pou make 58èm anivèsè enstitisyon an

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Konseye prezidan Frinel Joseph, patisipe lendi 22 septanm 2025 la, nan seremoni pou make 58èm anivèsè Ofis Asirans veyikil kont tyè (OAVCT), nan Petyonvil.

Plizyè lòt pèsonalite te patisipe nan aktivite sa a tankou minis komès ak endistri, James Monazard, ak direktè jeneral ministè ekonomi ak finans Jean Bouco Jean Jacques.
Nan okazyon an, konseye prezidan Frinel Joseph salye travay OAVCT nan domèn sekirite woutyè ak sosyal. Konseye a ki t ap pale nan non CPT a ensiste sou aksyon enstitisyon an ki chita sou rigè ak pwofesyonalis. Li ankouraje direktè jeneral OAVCT a nan jefò pou ranfòse enstitisyon an.
Konseye prezidan Frinel Joseph reyafime angajman CPT a pou soutni tout inisyativ OAVCT pou kapab amelyore kondisyon lavi popilasyon an.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut