OAVCT - Mizanplas yon pwogram ki rele "Moto pam legal" nan Okap
novembre 7, 2025 2:24 am
Direktè rejyonal Nò Ofis asirans veyikil kontretyè (OAVCT), Patrice Jacques nan yon entèvyou li bay TNH fè konnen OAVCT nan nò nan tèt kole ak polis nasyonal la mete kanpe yon pwogram ki rele moto pam legal, yon fason pou idantifye tout moto k ap sikile san asirans yo.
Nan sans sa, li di lapolis deja entèsepte 500 motosiklèt k ap sikile ilegal nan vil kap Ayisyen.
Daprè direktè rejyonal nò OAVCT a, aktivite sa rantre nan demach pou frennen zak ensekirite yo, kote anpil motosiklèt enplike nan yo.














