OFM/16 journées d’activisme contre les violences faites aux femmes et aux filles
3 hours ago
Nan kad 16 jounen aktivis kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi, Òganizasyon feminis Marijàn lanse kanpay li a sou tèm: « Mobilize, edike, prevni ansanm kont vyolans sou fanm. »
Kampay sa ap dewoule soti 25 novanm pou rive 10 desanm 2025.
Anne Bégline Janvier ak Rebecca Gabriel, 2 travayè sosyal nan òganizasyon an, mete aksan sou nesesite pou sansibilize popilasyon an, pataje enfòmasyon sou mouvman feminis la, epi ankouraje jenès la, sitou jèn fanm yo, vin plis angaje ak responsab nan lit kont enjistis ak vyolans.
Objektif prensipal aktivite sa yo se kontinye mete presyon sou otorite yo, ep bay viktim yo espas pou yo eksprime yo.














