OFNAC / Visite d’une délégation à l’aéroport Antoine Simon des Cayes

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Yon delegasyon ki gen kad Ofnac, AAN ak Pwoteksyon sivil te ran yo vil okay apre yon ensidan kote yon avyon konpayi ayeryèn IBC Airlines ta kite espas la nan moman l t ap ateri.

Ekip mekanisyen konpayi ki te jwenn ranfò otorite lokal yo, Ofnac, AAN ak pwoteksyon sivil te fè tout sa ki nesesè nan moman ensidan, kote pa gen moun ki viktim.

Yo te rive deplase avyon an, mete l deyò pis la pou evalyasyon ak reparasyon.
Otorite yo anonse tou gen ankèt ki louvri pou rive detekte orijin ensidan.
An atandan rezilta ankèt la, operasyon vòl yo reprann nòmalman nan ayewopò Antoine Simon nan vil Okay.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut